Ak nou menm, zantray nasyon an, Ak nou menm gason ak fanm vanyan nan koloni Sen Domeng Ak nou menm, ki pat janm sispann gad blan nan je, Gad kolon yo nan je, Ak nou menm ki te deside mouri osinon viv lib.
Jodia, map sonnen lanbi a, yon lanbi ki pou al chache nanm nou, lespri nou, toupatou kote nou ye nan vwayaj la nan linivè, pou nou kapab vin pote yon lòt kout men, yon dènye kout men, poun reprann dwa grandèt majè peyia.
Tout moun vivan kite fè bwa kayiman, Tout lespri gerye kite prezan ki te vin ede nou nan batay pou lendepans, Moman rive, Lè a rive, Ayiti bezwen nou. Peyi a bezwen prezans. Jodia lenmi an se pa yon met ak rigwaz, jodia lenmi an, se pwop pitit peyia, ki sangwen, ki manfouben, kap penyen lage…. Jodia se pwop pitit peyi a: ki kowonpi, ki piyajè, ki pagen ankenn lanmou pou pwochenl. Batay sa pi fewos ke batay kont blan etranje yo.
Jodia se pwop pitit peyia, ki drese youn kont lòt, kap dechire youn lòt.
Mesye ak medam ki te fè bwa kayiman yo, Mwen fè apèl ak nou tout, San distenksyon, Moman rive…Wi, moman rive. Majorite pèp la, bosal yo, moun gwo zòtèy yo, fanm ak nèg mòn yo, moun katye popilè yo. Moun sa yo nan lavi di. Gang pran yo an otaj, politisyen pran yo pou enstriman, boujwazi antinasyonalis ap itilize yo nan ba yo zam, laprès ap manipile yo pou yo pa konn si pou yo kouri, si pou yo kanpe. Batay la rèd anpil anpil. Tout ti vis, mò rèd.
Nou menm nanm ak lespri rebèl sa yo kite fè sakrifis, Nou menm ak lespri gèrye yo te rele vin batay, Sin ka ede, ede jan nou kapab, jan nou vle fèl. Ede estope va n san sa ki deklanche nan peyi-a. Ede estope rigòl san sa kap koule lajounen kou lannwit, Ede pèp la jwenn jistis ak lapèl, nan men mechan ak kriminèl tout plim tout plimay kap toupizil. Ede pèp la jwenn limiyè ak disiplin poul ka fè wout kap bon pouli,
pa wout kap bon pou moun. Ede, jan nou kapab, pou pèp la jwenn lòt gid, lòt lidè, lòt prèt, lòt kalite ougan ak manbo,Ede lòt militan ki pi patriyòt e ki gen plis konsyans, jwenn mwayen pou yo trase chimen lòt libèté sa ke nou bezwen an. Manman ak papa nou yo,
Gran gran gran paran nou yo nan Bwa Kayiman: Ougan boukman Manbo Sesil Fatiman Manbo Elèn Anbwaz Nèg vanyan Jan Jak Desalin Nèg vanyan Maglwa Anbwaz Franswa kapwa, Katrin Desalin, Ak tout pil ak pakèt lòt potorik gason ak fanm yo. Padonem sim ekri nou an 2021, nou fè sa poun te fè yo deja, men, lesprim ak kèm dim, adresem ak nou, paske nou la, nou pa lwen e nou kapab yon lòt fwa, pote kontribisyon nou nan batay pou chanje kondisyon lavi pèp Ayisyen.
Respè pou nou tout, Fèm jwenn repons nou avan lontan, jan nou kapab, paske peyi a bezwen rale yon souf.
Ayibobo…